I’M SORRY USA !


Kòman pou m di pèp Etazinyen an mwen regrèt sa ki rive drapo li a si m pa konn pale anglè?

Antouka, m pa ekri tèks sa ni pou bèl vèb, ni pou bèl akò, men se pito yon fason pou m eksprime regrè ak desepsyon m nan dosye boule drapo Etazini an. Epi fwete ògèy ak konsyans konpatriyòt mwen yo, pou yo bay respè ak tout drapo nan mond la an jeneral, epi dapro Ayiti a an patikilye.

Ayè vandredi 15 Fevriye 2019 la yon Ayisyen ta boule yon drapo Ameriken devan je Laprès, nan Kafou Ayewopò, Dèlma 28, nan moman yon foul moun t ap manifèste kont lamizè isit an Ayiti sou yon melodi « Aba lamizè an Ayiti, aba Etazini, VIV Laruisi. Aba Donald Trump ki te joure n tou latrin, VIV Vladimir Poutine, VIV Venezyela ak Lachin, vin pote n sekou ! »

Pou sa ki pase a (boule drapo Etazini an), m pa bezwen konnen ni si se manm Opozisyon an ki ta fache, m vle pale de « Secteur Démocratique et Populaire », ni si se enfiltrasyon lòt sektè politik tankou « PHTK » pou ta sal imaj Opozisyon an. Kèlkeswa orijin politik zak sa, m prete vwa tout jenès Ayisyèn nan pou m di peyi Etazini « I AM SORRY !!! »

Ameriken tou patou sou latè, kèlkeswa orijin nou, gen yon prensip ki fè kwè « mo yo rive egzakteman kote yo soti a », sa vle di si mo m ap ekri la yo soti nan fon kè m, yo ap rive nan fon kè nou tout ki fè pati de pèp etazinyen an, e nan kèlkeswa lang li ta ekri a. Sa fè m gen yon fèm asirans, frè m ak sè m yo ki natiralize ameriken, lòt ameriken ki gen orijin yo nan peyi Etazini, oubyen ki soti nan rès mond la ap santi raj ak dezolasyon tout ayisyen parèy mwen pa rapò ak zak sa mwen klase kòm yon zak baba. Epi fè m konfyans, mwen t ap santi menm dezolasyon an, pou kèlkeswa peyi yo ta boule drapo l an piblik. Drapo yon peyi (rich oubyen pòv) se yon gran senbòl Repibliken. Pa pase l anba pye ni boule l. Kit li te yon drapo Nasyonal, oubyen drapo yon peyi etranje, pa maltrete l tanpri souple, li reprezante diyite tout yon popilasyon anpil fwa ki batay di pou kreye drapo sa.

Yon lòt bò, mwen santi m endinye pi plis toujou fas ak ipokrizi sosyete ayisyèn nan.

Tande m, san m p ap eseye diminye okenn drapo, mwen pa rive konprann reyaksyon Opozisyon an ki bay tèt li non « Secteur Démocratique et Populaire » ki ap òganize/planifye divès manifestasyon anndan peyi a depi 7 fevriye 2019 pou mande Prezidan Repiblik la, Jovenel Moïse pran vye batanklan l yo, vye palto l yo ak vye bòt jòn li yo bay palè a blanch rapido presto. Opozisyon sa ki sou 9 jou mobilizasyon deja gen nan pasif li plizyè dizèn moun ki ta mouri, san konte byen tankou machin, machandiz ak batitan piblik tankou prive ki ta ensandye. Ebyen Opozisyon sa ki toujou ap jistifye zak kraze/brize yo, se menm li menm jodi a ki kouri ekri nòt mande padon, nan mwens pase 6 zèd tan apre move zak « boule drapo Etazini an », pou egzije bò kote manifestan yo « Pwoteksyon ak Respè pou Lokal, Senbòl ak Pèsonèl Anbasad ki enstale an Ayiti yo ». Petèt se paske lidè Opozisyon an gen pi bon konprann de gravite zak « boule drapo a ». Men poukisa nou pa jwenn menm egzijans sa nan mitan Opozisyon an, ki ta dwe mete yon pinga pou pyès manifestan pa mete dife nan okenn byen ak batiman pèsòn, pou m pa di nan byen okenn Ayisyen ? Rezon an senp, se « Blan Ameriken » ki bay epi ki revoke « viza ameriken », sa pa gen anyen awè ak Ayisyen.

Wi, Opozisyon ki òganize manifestasyon yo te gen dwa mande ekskiz, men se san demagoji ak ipokrizi. Mwen abitye wè menm opozisyon sa nan manifestasyon k ap desann drapo « Ble ak Rouj » pou leve byen wo « Nwa ak Rouj ».

Pi lwen, mwen li nan yon gwoup WhatsApp, « yon konpatriyòt », yon lidè, yon dirijan pati politik ki ekri konsa : « Boulé drapo yn peyi, ki se senbol peyi a, se menm yn deklarasyon de guerre, moun ki fel la pa knen sal fè a, e ou ka we américain ka reyaji ak vyolans pou sa, donk mw we gen stupid, foulich kap aplodi sa. Antuka moun ki fel la kel knen sal fe a e pa fel anko, yo pa mazire pawol ak aksyon yo. Mesi. »

Menm gen lòt moun ki ta fè konnen, pou sa sèlman Etazini ka koupe TPS epi depòte Ayisyen yo.

Apre m fin resevwa mesaj sa yo, mwen di tèt mwen, tèt anpil nan nou pati, petèt tèt sa yo ale Etazini, kòm se la anpil nan nou ap dòmi reve. Se kèk grenn nan nou ki sonje nou pa gen peyi derechany, nou gen yon sèl peyi, yon peyi pou n konstrui ki rele Ayiti.

Anverite, anverite… dimansyon anpil Ayisyen bay zak boule drapo Ameriken an, se siy ki montre aklè, nou gen rès bout mayon chèn esklavaj la ki poko soti nan mantalite nou. Sa m ap di nou la a se vre wi, si se pa te bout mayon chèn ki te ret nan lespri nou, nou t ap fini pa konprann, zak sa mwen klase deja kòm yon zak malonèt pa gen tout dimansyon sa, kote aksyon yon senp endividi(enkoni ankò wi souple) ta mete an peril avni tout yon nasyon, a tèl pwen, pou Etazini ta deklare n lagè.

Èske gen yon kote sa ekri, lè yon senp ebdividi boule yon drapo Etazini, oubyen nenpòt ki lòt drapo, se yon deklarasyon ofisyèl pou fè lagè ? Si se te konsa, t ap gen twòp gè nan lemond.

Èske nou sonje nou te wè yon lagè ki fèt deja paske yon drapo te boule ? Alòske se tout lasent jounen drapo ap boule nan 4 kwen mond la. Kòm yon drapo se yon moso twal ki reprezante yon « pèsòn moral », okenn reprezantan yon peyi p ap asèpte yon sitwayen etranje ta boule l, men se pa yon rezon pou deklenntche lagè kont tout yon nasyon si sa ta rive fèt.

Èske si se ta yon sitwayen ki ta boule yon drapo nasyonal li, (sa vle di, si se yon ameriken ki ta boule yon drapo Etazini), kilès li mande lagè lè sa ? Pou anpil peyi tankou Etazini ak Lafrans, se yon « Outrage » a senbòl nasyonàl yo, sa merite gwo sanksyon polisyè/jidisyè kont sitwayen ki ta pwodui zak derespektan sa. Sepandan pou kèk lòt peyi, tankou Dànmak, yon sitwayen ki boule pwòp drapo l pa komèt okenn zak ilegal, men gen gwo sanksyon ki prevwa si sitwayen sa ta boule drapo yon peyi etranje avivwa.

Sonje, mwen toujou nan menm lojik la, m p ap eseye desann valè oubyen konpare okenn drapo, dayè nan tout peyi nan mond la, yon drapo konsidere kòm idantite tout yon pèp. Men sa pa anpeche m poze lòt kesyon…

Depi kilè « Senbòl Politik » te gen plis enpòtans pase « Senbòl Limanite » ? Nou boule moun ki sanble tèt koupe ak nou gwo midi (Ajan dwanye, Polisye ayisyen, frè ak sè nou k ap pwoteje n nan move kondisyon), nou pa deklare pyès moun lagè, ni Fanmiy yo, ni PNH. Epi yon senp manifestan/enkoni ta boule yon drapo ta yon deklarasyon lagè ? Jan m di li nan kòmansman refleksyon m nan, mwen regrèt anpil aksyon boule drapo nenpòt ki peyi. Pou kèlkeswa rezon an, m ap toujou endinye lè sa rive. Men MWEN DEZOLE pou m di nou, li pa gen tout dimansyon « nasyonal » sa nou panse li genyen an.

Kwè m si nou vle, si se yon Ofisyèl, pa egzanp, si se Prezidan Repiblik, la ki ta boule yon drapo yon peyi etranje an piblik, sa t ap angaje tout nasyon an, t ap gen gwo konsekans diplomatik ak politik ant 2 peyi yo, tankou fèmen Anbasad, koupe tout relasyon zanmitay, egzije ekskiz ofisyèl, elatriye. Men lè se yon senp endividi enkoni, nan manifestasyon, nasyon viktim nan (Etazini nan ka sa) ap jis fache, kondane zak sa nan yon nòt, oubyen sou Twitter si li vle, epi sanksyone moun ki fè move zak sa nan trètman patikilye yo ta genyen ak moun sa. Sa vle di, moun sa ka gen gwo difikilte pou jwi privilèj gouvènman Ameriken an, tankou bous pou al etidye, viza pou al vizite, finansman pou pwojè, elatiye. Moun sa ka sou lis nwa pou tout rès lavi l sou teritwa ameriken an ak tout aktivite ameriken ap òganize. Pa bò kote pa nou an Ayiti, Lapolis Nasyonal, te dwe arete endividi sa pou al bay eksplikasyon devan Lajistis, kisa ki pouse l fè zak rayisab sa kont Etazini… men elas… se menm PNH sa ki konn ap kouri machin yo ak drapo lòt peyi byen wo, sitou lè se epòk Foutbòl.

San m pa vle egzajere, m menm ale pi lwen pou m di tout « atansyon » nou bay dosye sa, anverite se paske se yon drapo blan ameriken ki boule a. Sinon nan zye anpil nan nou li t ap pase tankou yon lèt pou Lapòs, si se ta yon drapo dominiken pa egzanp. Kanta mwen menm, si m ekri sou li, se pa paske se yon drapo ameriken, m te ka ekri pou nenpòt ki drapo, men mwen sitou ekri jodi a paske m sezi wè jan nou panike apre move zak sa yon senp endividi komèt. Nou pòtre yon timoun piti ki kraze yon vè lanp, epi dada l nan recho paske l konnen paran w pral touye l ak kout rigwaz. Men, mwen rive konprann byen vit anpil nan nou ki tranble nan kanson/jip nou, se pou ti bout viza a. Podyab nou ! M konprann nou, paske se la rès fanmiy (madanm – mari – pitit) la ap bouske lavi. Peyi Etazini se « èldorado » prèske tout ayisyen, se la ti tchotcho a soti an premye ki fè lafen pa tchwe anpil nan nou deja, sa vle di nou gen respè pou chèf la, se sa ki ta lakòz nou santi nou gentan pi estomake menm pase blan ameriken ki pako janm pwononse l sou sa. Men se pa lanmou pou drapo vrèman ki anime nou.

Si se te lanmou pou drapo ki t ap gide diskou ak aksyon nou yo, poukisa m pa te wè menm fristrasyon sa a lakay anpil nan nou lè sitwayen dominiken an te chita lakay li Sen Domeng epi boule yon drapo Ayisyen ? Epi tou, se drapo Etazini an nou rèspèkte oubyen se tout drapo an jeneral ? Si se tout drapo, poukisa nou pa gen menm respè sa pou drapo lakay nou an ? Mwen abitye wè nou retire l, kwoke drapo peyi Brezil nan plas li sou tèt machin PNH. Mwen abitye wè nou retire l epi monte drapo Brezil nan plas li sou « Im Desalinyèn » ankò wi, nan epòk Koup di Mond. Mwen abitye wè Prezidan Repiblik d Ayiti k ap benyen nan plaj piblik ak bout kanson ki senbolize drapo Angletè. Mwen abitye wè gwo chabrak ak gwo zouzoun nan Leta k ap fè foto ofisyèl san menm yon ti moso drapo nan do yo. M abite wè enstitisyon piblik isit, jou yo asèpte monte drapo a, yo monte l tankou sosyete a « tèt anba ».

Ou menm k ap li tèks sa, ki dènye fwa w sonje w monte yon drapo ak yon dispozisyon fizik jan yo te aprann nou li lekòl? Oupss… m bliye si pa gen enstriksyon sivik ak moral lekòl ankò, a tèl pwen se yon Ministè nou sèt obliye kreye pou fè n sonje n se sitwayen ayisyen, epi aprann nou renmen peyi n « Ministère délégué auprès du Premier ministre en charge de la Citoyenneté et du Patriotisme ». Mwen sonje lontan, depi 8è fè bleng nan maten, nan tout estasyon radyo, se drapo k ap monte, epi tout sitwayen, kèlkeswa sa w ta fè a, koupe l sèk, kanpe dwat pou salye monte drapo a. Jounen jodi, nan estasyon radyo yo, se chawa n ap pete maten, midi, swa.

Avan m kite n, nou di. nou renmen drapo pa vre ?
Nou renmen drapo konsa, epi 3/4 nan nou pa menm konn koulè pa nou an apre 215 lane Endepandans, tandiske n se Premye Repiblik nwa ki te rive gen yon drapo nan tout listwa limanite ? Sa m ap di nou la a se vre wi, se lè 18 Me pral rive pou n tande deba k ap fèt sou koulè drapo sa… Sa ki di l se « Ble ak Rouj », lòt ki di l se « Nwa ak Rouj », sa w tande a, tout gen agiman solid pou kore chak koulè sa yo. Ayè la, samdi 10 novanm 2018 la, Lidè #1 menm Opozisyon sa te monte yon drapo « Nwa ak Rouj » sou tèt moniman Vètyè yo, yon sit istorik kote batay pou bay nou drapo a te fèt. Poukisa li pa te sanksyone ? Nou damou drapo konsa epi jiska jodi a 3/4 nan nou pa janm rive fè diferans ant deviz nou ki se « Libète -Egalite – Fratènite » ak yon senbòl ki nan drapo a, ki se « L’union fait la force ». Bon nou damou drapo konsa epi nou pa montre pitit nou ti chante sa ankò « Mon drapeau-peau-peau, mon joli petit drapeau… ». Mwen pa menm bezwen mande konbyen nan nou ki konnen tou lè 5 kouplè Im nasyonal la.

N.B. Jan m plede repete l nan tout tèks la, refleksyon m nan se pa pou m diminye okenn drapo pa rapò ak yon lòt. Men pito pou m diminye « gravite » zak la nan tèt pa anpil ayisyen ki kwè se yon peche mòtèl ki ka lakòz Etazini sere boulon nou pi plis toujou kòm pèp. Yon lòt bò, fwete ògèy nou kòm pèp pou n kòmanse manifèste lanmou ak respè pou drapo nou an, pandan n ap manifèste respè pou drapo lòt peyi. Konsa m ta wè nou pa sou blòf.

PS. Yon senp endividi ki boule drapo yon lòt peyi ta vle di li koupe fache ak lòt peyi sa sou tout fòm. Li deside pa zanmi peyi sa tout bon vre. M ap mande, èske edikasyon sivik yon sitwayen Ayisyen fèt ase pou l ta rive boule drapo peyi sa ak fèm konviksyon pou li pa pral mande yon viza ak okenn lòt privilèj kay peyi sa ? Nan sans sa, meyè fason ou ka divòse ak yon peyi etranje si sa ta nesesè pou ou, se ta sispann konsome produi ki soti nan peyi sila. Sispann al fè touris oubyen al mande viza nan peyi sila. Rapatriye fanmiy ou ta voye al viv nan peyi sila. Sispann tann kisa resòtisan peyi sa di nan sa k ap pase lakay ou. Kòmanse aplike bonjan politik pou w kreye chanjman nan rapò diplomatik peyi w la ak peyi w ap koupe fache a. Lè sa, m ap wè w kòm yon sitwaye ki gen sans angajman pou Ayiti ka vin granmoun tèt li tout bon vre.

Skason Baptiste

Précedent L’ESPOIR FLEURIT : UN BEL ÉCHANTILLON DE LA JEUNESSE HAÏTIENNE
Suivant LE NUMÉRIQUE ENTRE MORALITÉ ET MÉDIOCRITÉ !

3 Comments

  1. 11 mai 2019
    Répondre

    I’m doing an internship pharma partners Shalabayeva was taken into custody by Italian police on May29 when they raided a villa on the outskirts of Rome looking forher husband, and she was put on a private plane to Kazakhstanwith her daughter two days later in an extraordinarily fastexpulsion by the standards of Italy’s snail-like bureaucracy.

  2. 11 mai 2019
    Répondre

    The United States nike fuelband setup issues He neither rants nor raves, nor does he spout anti-Semitic visions of a nuclear Holocaust, and so the world really, really wants to believe Iran’s new president is a “moderate” who is ready to verifiably prove his nation has no interest in developing nukes.

  3. 10 mai 2019
    Répondre

    I’m in a band minocycline rxlist The self-serving decisions of these mutual fund trustees had a significant adverse impact on the returns of plan participants. The study found that participants were not sensitive to the poor performance of affiliated funds and “thus do not undo the trustee bias.” The study also found that trustee funds that rank poorly based on past performance and were not removed from the menu of plan options “do not perform well in the subsequent year.”

Laisser une réponse

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *